Kreyol Human Rights Flyer
SI OU PÈDI KAY OU NAN TRANBLEMANN TÈ A. Men Kèk Dwa Ou Dwe Konnen Ou Genyen
Human rights flier for people who have been displaced by the earthquake.
Read MoreHuman rights flier for people who have been displaced by the earthquake.
SI OU PÈDI KAY OU NAN TRANBLEMANN TÈ A Men Kèk Dwa Ou Dwe Konnen Ou Genyen
1. Fòk yo bay moun ki pèdi kay yo mwayen pou yo jwenn manje, dlo, kote pou yo rete, rad, sèvis medikal ak ijèn piblik san danje.
2. Yo pa gen dwa detounen èd imanitè yo voye pou moun ki pèdi kay yo pou rezon politik oubyen pou rezon militè.
3. Timoun, fi ansent, medam ki alatèt fanmi yo, granmoun aje, ak moun ki endikape gen dwa pou yo ba yo pwoteksyon espesyal, èd espesyal ak bon jan tretman.
4. Moun ki pèdi kay yo gen dwa pou yo al rete yon lòt kote nan peyi a epi pou yo tounen lakay yo kou yo kapab.
5. Moun ki pèdi kay yo, fi sitou, dwe bay dizon yo nan planifikasyon k ap fèt ak nan kontwòl tout sa k ap fèt pou ba yo kote pou yo rete nèt.
6. Fòk yo bay medam yo patisipasyon total nan tout planifikasyon ak distribisyon founiti premyè nesesite yo. Fòk yo bay sante medam yo yon atansyon espesyal.
7. Se yon bagay ki ilegal pou moun fè diskriminasyon kont moun ki pèdi kay yo oubyen pou yo derefize moun jwi dwa yo genyen poutèt yo pa gen menm kwayans politik oubyen yo pa gen menm kwayans relijyon.
8. Moun ki pèdi kay yo gen dwa pou yo konnen sa k rive fanmi yo yo pa wè epi pou yo konen ki kote fanmi sa yo ye.
9. Dwa sa yo fèt pou sèvi kòm guid pou gouvènman Ayisyen an, pou Nasyon Zini, pou tout lòt gouvènman, epi pou tout ONG.
Kote nou jwenn dwa sa yo: United Nations Guiding Principles on Internal Displacement (Prensip Nasyon Zini ki sèvi kòm gid nan kesyon deplasman moun anndan pwòp peyi pa yo). Kote ki prepare rezime sa a se Center for Constitutional Rights (Sant pou dwa kontitisyon bay moun), ccrjustice.org; Institute for Justice and Democracy in Haiti (Enstiti pou jistis ak demokrasi ann Ayiti), ijdh.org ak Bureau des Avocats Internationaux (Biwo avoka entènasyonal), HaitiJustice.org. Additional Links: http://www.opticalrealities.org/MexicoCarribean/Haiti/Haiti-Gallery/ http://www.opticalrealities.org/MexicoCarribean/Haiti/St-Claire-Delmas/ http://www.opticalrealities.org/MexicoCarribean/Haiti/Haiti-News-Alerts/ http://www.opticalrealities.org/MexicoCarribean/Haiti/Jean-Juste/